Fòmasyon Enstriktè anliy - Fòmasyon LETS nan Kreyòl Ayisyen
1. Pati prensipal Kijan pou vini yon Enstriktè Sètifye LETS Yon enstriktè ap gen pou l ede kominote yo jwenn edikasyon sou sante règ ki retabli diyite, ranfòse fanmi yo, epi diminye risk eksplwatasyon. Fòmasyon an disponib an anglè ak panyòl. Tout materyèl pou enstriktè yo (manyèl, tablo, prezantasyon, fèy distribisyon, kalandriye) deja tradui an kreyòl Ayisyen. Yon tradiksyon an Bangla ap disponib byento. [Kòmanse Fòmasyon ou Jodi a] 2. Pou kiyès pwogram sa fèt? (Enstriktè Ideyal) Pwogram sa fèt pou òganizasyon ak lidè atravè lemond k ap sèvi kominote an anglè, panyòl, oswa kreyòl Ayisyen. Li ka fasilman entegre nan: lekòl, klinik, ONG, gwoup kominotè, òganizasyon relijye, edikatif oswa imanitè ki ki pare pou pote chanjman nan kominote yo. Ki moun fomasyon sa vize? Yon pwofesè, ajan sante, misyonè, lidè legliz oswa kominote k ap chèche zouti pou kreye enpak ki dire. Yon pwofesyonèl imanitè oswa ONG k ap travay nan sante repwodiktif, byennèt oswa edikasyon prevantif. Yon fanm